top of page

R.I.P frem/sem yo ki nan polis la.

R.I.P frem/sem yo ki nan polis la...se pa vre anpil moun nan pep la sipotew e yo ap sipotew pou jwen ninpot bandi ki fe atanta ou tye yon polis..bay neg lwa delonm yo vag si yo pa gin kouraj ak konsians ke majorite polisye yo se pitit pep la yo tout ye..gade nan mitan yo kombyen ladan ki se pitit gwo machann yo kit se gwo machann neg nwa Ayisyen ou bien bann pitit gwo machann Arab/juif yo e menm pitit ti group ''akademisya'' pitit tout moun sa yo pa antre nan polis..pifor nan yo ki antre nan polis la paske se sel travay permanan yo ka jwen...se yon ti group tou piti nan mitan yo ki antre nan polis pou sevi e pwoteje peyi yo,kominote yo e sekize pep la.Majorite se bon moun yo ye kelkeswa jan 2 ou 3 ladan yo ki voles,kriminel mechan menm jan ak polis rasis blan yo isit kap tire moun nwa vire tounen isit USA,men polis Ayiti yo pi humain yo pa prese pou yo tye okin moun,epi yo jije tout moun indivizielman se pa tankou isit kit ou te yon dokte,pwofese,polis,etidyan,jounalis,paste,granmoun 80 tan polis isit gadew selman ou se yon nwa,yon blan,yon panyol..epil fini...ke jis Bondje ya pwoteje jenn ti mesye/dame sa yo nan la ri ya se yo menm selman ki ap pran tout risk yo pandan politisyen magouye yo ap kouri nan gwo 4/4 yo ,abite nan gwo kay ap byen manje ti polis yo nan la ri pafwa san zam pou defand tet yo...Ayiti bezwen lame ya ti polis sa yo gin twop pou yo...yo paka defann frontye ya,ni pwoteje la mer nou e spas air nou...se lame Ayisyen ki dwe fe travay sa yo se pa peye compagnie Izrael $50 million US kontra pou fe travay lame pep la dwe ap fe..se sak fe ou tande Ameriken pa vle pep Ayiti gin lame anko se se yon raket li ye e tout politisyen isit USA se pou Izrael yap travay..yo pap janm nan intere pep Ayisyen pa blye Obama...an nou sipote polis yo wi dwa de lonm lan gindwa defann inosan yo men se pou yo defann poklis yo kont bandi yo tou...


3/31/2018



Comments


 Jean-Jacques
bottom of page