top of page

Nan yon Ri Pacot



Sanm pa p idantifye jenn dame sa ak manman l ki ap vand prestige,ji,bwason gazez ak boutey dlo nan yon ri Pacot ..mw te jis kanpe poum te achete yon boutey dlo ...les yo mandem ki kotem te soti mw te repond yo Ayiti,yo te tombe ri yo dim sak te fe yo mandem sa paske moun nan katye sa pa salye moun fasonm te salye yo les se achete yap achete nan men yo ..konvezasyon vini prolonje ak yon lot fanmim nou bwe ant nou 4bierre epi nou achete 6 boutey dlo,4 seven up,6 can ji ak 6 guiness poun te pote nan otel la..yo dim se Bondje ki te voyem ba yo paske yo poko janm fe tout biznis sa yo si se pa nan fet,festyval ou kanaval...epi dame lan montre nou diplome jesyon ekonomyk li...dlo soti nan zyem sanm pat kite yo we sa...se jis yon egzanp nan milyon tankou jenn dame sa manman l te fe tout efol poul te bal edikasyon...men jodya se sel sa dame lan ka fe pou okipe tet yo..gras a Bondje yo pa malere nn ti bout te kote yo kanpe ya se eritye yo erityel nan mitan Pacot...


4/24/2019

Comments


 Jean-Jacques
bottom of page