top of page

La Pye Mango


Lem ap gade pye mango sa ak anpil mango ki gintan mi men yo poko keyi yo ..sa selman diw moun nan katye sa yo pa gin moun ki ap mouri grangou...Pacot rete Pacot..li pa chanje tankou Ptionvil..sa bonm yon espwa toujou ke peyim Ayiti cheri pap mouri...pa gin yon kote nan ptvil pou w ap we bel bon fri natirel ki sevi kom dekorasyon e pwodiksyon bon fri tankou lontan...nan lakou papam nan ri faubert te gin yon kachiman ak korosol ki te si telman dous ou pat bezwen sik pou fe ji ak yo..zanmann e jiska prezan gin yon zaboka ki pi bon ke pifor zaboka w ka jwen Ayiti.Bon gin yon pye kenet se yon pye kenet nasyonal li ye jodya...se tout sot nostaji sa yo ki fem pap janm ka sipote banm ti politichyen dwet long san konsyans sa yo...siw we yon pil jenn gason ak fi ki fini tout etid yo Jezi papam...yo pa gin anyen pou fe sou channmas .Yo gin lespri men yo paka jwen anyen pou fe.Pou kokorat ki chita USA pandan yap byen viv yap sipote e defand dwet long ki ap tye pep la vivan...se sel yon lot revolisyon total e gwobal pa tout mwoyen posib ki pou retire pep la nan mize kriminel sa...Kot Kob Karibe Yan...? ak $1.50 US tax ilegal ti simone /neg bannann.


4/24/2019


Comments


 Jean-Jacques
bottom of page