top of page

Foli Diaspora

Mwen menm sam ap di Ayisyen ki chwazi al pran tout imiliasyon sa sen domeng nan kite peyi yo pou yo al mache chache la vi,retounen nan peyi nou Ayiti,al aprann kreye la vi lakay ou. Majorité Ayisyen kap viv sen domeng tjou pov,80 % nan yo se nan baryo yap viv menm jan les yo tap viv nan geto potoprins yo,90% Ayisyen kap ouvri biznis sen domeng, se moun ki te gin lajan ak biznis Ayiti ki al ouvri biznis la,ti 10% yo se politichyen konronpi tankou k lambert, depote gracia delva yo ak yon ti group drug dealers. Ant 60-70 Ayisyen kap viv sen domeng,se nan pwovins yo soti, anpil nan yo refize travay agriculture Ayiti, men kou yo rive sen domeng,yo tro kontan.


Sou Divalye yo lontan,moun sa yo se potoprins yo te konn antre pou yo te we bel lumière,bel place publique,bel salle de cinéma,bel bicentenaire,chandmas,bel habitation l’Ecler ki ravine matisan kote animal teyoris san konsyans ap tye,vole,vyole e kidnape ninpot civilien kap pase…jodya se sen domeng ki potoprins tout moun pwovins sayo.Poutet ti lumière pou 20 hr pa jou konsa tout bagay funksyone…non mw pa gin pitye pou okin Ayisyen ki fe chaw yo pou yo mache nan tout pou yo manje kk nan zafe chache la.


Rete nan peyi nou,mete tet ansanb pou éliminé klas politichyen esklav popet klas intenasyonal la…epi sitou kounya dominiken ap chaje $500 US pou viza,Kelkeswa jan bagay la ye ak 10.000 dola Ayisyen,gin anpil ti degaje moun yo ka fe ak kob sa,men yo tout gin foli diaspora.


6/26/22

Comentários


 Jean-Jacques
bottom of page