top of page

Bedjine

Anpil Ayisyen ki vini tro alez nan USA,vini peur peyi yo,siw tande moun sa yo Ayiti cheri pa yon peyi anko.E poutan malgre tout sak ap pase nan ekonomy ya,nan batay polityk yo e insekite nan plizye katye ak plisye lot vil nan pwovens yo,fatra tout kote,malgre tout sa Ayiti cherim lan pap fe yon pa nago.Wi bagay yo pa rete menm jan bagay yo te ye lontan,men pep la ak la jenes tankou atis sa yo pa janm bay legin sou peyi yo Ayiti cheri...Ayiti pap mouri vre non,jenes la pap kite sa fet vre...ti moun toujou ap jwe football yo tout kotew pase nan peyi ya...jenn atis tankou Bedjine,Rutchell ak plizye lot nouvo atis nan peyi ya,kit se Rap mizyk yo ki kontinye ap chante anpil mize pep la,jenes Ayiti ya pa zombifye anko,zye yo ouvri,yo tout konnen ke gin 2 group tip bandi an Ayiti:GIn bandi\teyorys yo ki ap kidnappe,voles,vyole e tye pep la,men gin group bandi ak vest yo aka politichyen yo ki ap voles tout kob leta yo,ki ap tye tout pep la e detwi tout peyi ya,bandi ak vest sa yo aka popet anbasad Ameriken ak rest international kominote ya pi mal ke bandi ak zam yo...


Wi se vre,se sel yon lot gwo revolisyon total e integral kap sove pep la ak peyi ya anba zago imperialis e kolonialys Ameriken ak alye rasis parey li yo.Revolisyon sa dwe fet pi vit ke posib e pa tout mwanen necessaire pou eradike tout ti popet politichyen sa yo ki vand peyi ya bay etranje yo...


8/25/2021

Comments


 Jean-Jacques
bottom of page