top of page

Haitien gin yon Gwo Pwoblem


Les micki te di li te pral develope'' tourisme'' nan peyi ya..tet kale tap pale tet li avek fanmil..gade yon ti avaris yo mete pou gaspiye ti lajan..yap prete sou tet pep la..kote sa soti menm..apa pifor haitien ki ka li ou ekri 2 mo ap mande respe pou yon ti salop ki pa gin okin respe pou zanset Haitien yo.Ti vagabon an derespekte JeanJacques Dessalines e tout lot zanset peyi ya..Men jodia pep la ap manje fatra..pandan ti popet salop restavek la al manje sushi e al gade samouray o Japon...podiab micki ap pwofite vizite tout peyi li te konn reve poul te vizite..si haiti te gin yon govt. ki tap fonksyone selon la loi konstitisyonel..se pou ti salop la ta bay explikasyon kombien tout voyaj sa yo koute ti pep ki toujou nan grangou a.E pi poukisa Haiti ap peye yon minis zafe etranje si se prezidan ki pou regle tout biznis diplomatik peyi ya...O Jezi gade yon malproprete sal ke kominote intenasyonal la lage sou pep la?...Mesi bon Dieu yon ti san sal konsa pataka janm prezidanm...haitien blye fasil twop..moun serie pat konn al danse micki,se te toujou vagabon ki renmen fe gagann ki te toujou fanatik micki...ANBA micki!! ti popet salop,ti restavek san konsians..chef vole..

Haitien gin yon gwo pwoblem avek verite menm jan avek ti restavek micki yo te chawzi kom prezidan..pifor Haitien panse di bel mo ou parol dous sa fe yo paret sivilize e moun lespri.Nan 6 mwa mwen sot fe an Haiti kom yon moun spiritiel e kap suiv de sosioloji,sipkoloji e sians-politik..mwen ka di bien for ke Haiti ap dirije e kontrole pa mante,vole zie sech kap pale francais avek ti vwa yo tou ba...tout moun ap bay tet yo manti..sitou pou pifor ti pov yo ki gin yon ti vwati,t.v,pc,frijide,ti fou telefonn potab ect..nan 2012 la panse sa fe yo siperie fre e se yo an Haiti...sa fem tris lem kote moun sa yo..mwen ront sitou si moun sa yo se fanmi..toutan yon Haitien pa kite Haiti,li di pou yo we nan ki manti yo tap viv...se sak fem toujou ap ri lem an Haiti..e mwen toujou di Dieu map sevi ya te gin yon plan pou mwen ki fel te retirem a 17 tan nan peyi tet chaje sa..kote pifor moun se epokrit,mante,vole,zie sech,avaris,arivis,odasie,san-konsians,sinik andurci ,o oui ti sousou,ti pantan pou tout ti fatra...tankou micki.

December 4th 2012


 Jean-Jacques
bottom of page