top of page

Fanatik tet kale en Kominote Ayisen

Ala de tintin nan komite Ayisyen diaspora sa...gin twop ..''functional illiterate''..Ayisyen nan kominote sa.. yo pa komprann anyen nan politik..pou moun sa yo ou dwe pou group ou kont yon lot group...yo pa janm panse ak peyi Ayiti ya..moun sa yo se fanatik vagabon politisyen yo ye selman ...siw di yon bon bagay de ti simone...aka sweet micki/selected president..yo kouri relew fanatik tet kale..koum di yon bagay kont ti simone yo tombe ap jourem lavalas...mwen padone pifor nan moun sa yo paske pifor nan yo pa konnen ke politik se yon sians li ye tankou pifor lot sians yo..siw pat al lekol pou bien konprann sijet yo rele politik la...ou ka li ou tande sa yo ap pale ya men ou pap konprann li...se pi gwo pwoblem Ayiti jodia se ti amate selman kominote intenasyonal la mete kom popet prezidan''ti taliban aristide,restavek preval,gwo vant latortue e jodia ti simone''...les bann bouro lavalas yo tap kouri nan la ri mwen tap kritike yo..anpil moun te fache te gintan relem tet kale..les mwen ap felisite ti simone pou ti manje li bay 2 ou 3 moun ki nan grangou anpil nan moun sa yo relem tet kale...Men jodia map pale pou yo rebati ,netwaye kapital la..ti pep diaspora yo we nan ki malproprete pep la ap viv chak jou nan kapital la yo ta dwe pale menm jan avem...men yo si telman se fanatik yo blie Ayiti..yo jis we ki popet ki sou pouvwa selman...o Jezi papam lan retire pep sa nan fe nwa sa non...

Group tet kale yo pa gin anyen pou yo di sou zafe cholera sa solda UN yo lage nan lestomak pep la..gade kijan yon seri Ayisyen zie sech e mechan...popet prezidan peyi ya avek minis sante ya ke travay li ta sipoze pou li ta defand sante pep la...li pito kouri tan li bay yon repons sou gwo pwoblem sa...ti simone ak tout ekip li ya pa vle touche sijet sa,paske pou li ta fe sa se pou li ta nan interet pep Ayisyen yan,men a chak fwa ti simone ak ekip li yo jwen yon chans pou li ta defand interet pep la,li pito kouri cache...se interet UN li la pou li defand zafe pep la pa regadel...li konnen ki yes ki te metel sou pouvwa sa..''pwoblem Ayisyen ap pase sen domeng pa regade yo,pwoblem solda UN ap viole jen ti fanm ak ti gason nan tout province yo pa regadel..yon sel bagay ki regade moun sa yo se plen poche ak yon paket fo pwojet ki pat janm bien panse kit'' se rout nan kafou aeroport a ou bien bati Ile-a vache pou 2 ou 3 super rich tourist''...se yon gwo vol oganize ki ap pase Ayiti la..kou kontra projet sa yo siyen tout moun ki patisipe fe kob yo..ki mel yo ak pep la..Jezi papam lan sove pep la anba mechan sa yo ke etranje yo mete pou kimbe pep la nan soufrans,mize e malproprete.

January 22, 2014 ·


 Jean-Jacques
bottom of page